
Kreyòl 101: Wyclef yon Ayisyen tout bon
Lan lang manman nou, lè ou bezwen pale de yon vre
pitit peyi-a, yon bonjan patriyòt, yon moun ki pa vwayaje
san li pa gen lakay li lan fon kè l’, ou di se
yon natif natal. Pawòl sa-a, se li k’ bon pou
nèg Wyclef-la....
.
Pandan li te ak Fugees-yo, Wyclef Nelust Jan -yon ti nèg
ki soti Kwa Dè Boukè- vin tounen yon pakèt
afè pou tèt travay-li nan dézyèm
album gwoup-la « The Score ».
Plak sila-la te van 17 milyon kopi nan le mond antye e nou
sonje li te gen chante « Killing Me Softly
» -a sou li. Se lè sa-a Clef fè pwòp
sidi pa l’ « The Carnival »
ki vin fè tout moun wè li te yon banj nan kestyon
konpoze ni reyalize mizik nan estidyo. Tout moun koumanse
vle se avèk-li pou yo travay.
Dizan apre li te fin debake Nouyòk san senk kòb,
Ayisyen sa-a te gentan jwen mwayen pou li travay ak pi gwo
vedèt ki te janm egziste., Stevie Wonder, Michael Jackson,
Whitney Houston, Destiny’s Child, Santana, Gloria Estefan,
Bono, Patti Labelle, Missy Elliott, Youssou N’Dour,
Mary J. Blige, Simply Red, tout pase nan men li, e enpe lòt
ankò…Mè malgre tout moun chante ochan
pou gwo gason sa-a, bagay ki te pi enpòtan pou li,
se albòm sila-a li rele « Sak Pasé
Presents: Welcome To Haiti, Creole 101 », yon
latriye chante an kreyòl ak franse li t’ap prepare
pou nou kèkjou.
Pifò mizik ki sou “Welcome to Haiti,
Creole 101” apenn gen de twa pawòl an
anglè. Eksepte “President”,
yon mizik Clef te jwe semen pase anro nan konvansyon demokrat-la,
nan lakou Boston. Chante sa-a gen kèk gwo pawòl
sou zafè politik ameriken ladann, e se mouche Spike
Lee, yon nèg ki pa manje anyen k’ fret, ki pral
reskonsab videyo yo pral fè sou li, tale konsa.
Track by Track
- Intro:. An nou pale de fyète.
Vwa poto mitan jounalis Jando tout moun sonje-a, ap eksplike
kisa drapo peyi w’ sipoze siyifye pou ou. Moso deklarasyon
sa-a soti nan fim « L’agronome » ke kokenchenn
reyalizatè ameriken Jonathan Demme te mete fè
parèt ane sa-a. Pesonn pa sezi se Wyclef menm li
te mande pouf è mizik fim dokimantè sila-a.
- 24 Hours to live. Sipozon ou levé
yon jou maten e pi ou wè ou rete sèlman 24
è tan pou viv. Wyclef ak Gerry pran moso nan yon
siksè « Passion d’Amour » Rodrigue
Milien te konpoze en 1974 pou monte chante si la-a ki melanje
yon filing twoubadou ak hip hop. Gwo Bagay !
- Party By The Sea. Yon chante pou voye
monte bèl kalite fèt tropikal. Tout moun sou
plezi : Buju Banton, mesye T-Vice-yo. Bèl plezi,
anpil anbyans. Chante sa-a gen yon ti san Calypso ak Dance
Hall.
- Festival / Fistibal Men kanaval-la !
Sa se yon mizik pou monte sou cha, al pase gran ri, vire
monte devan palè. Li gen yon nouvo dans Wyclef pote,
yo rele fistibal. Li genyen tou you souvni chante «
Rhythm Of The Night » ke De Barge te konnn ap chante
epòk lè Wyclef te fenk debake Nouyok a dizan.
- Lè Ou Marye. Yon gwo kout chapo
pou Ti Paris, papa twoubadou yo. Ak yon bèl bourad
Fabrice Rouzier ak Keke Belizaire, mesye Haïti Twououbado-yo.
Nan fen mizik sa-a, Wyclef bay yon stil Gesner Henri, Wa
koupe. Bèl koze !
- Generation X Mwen te mèt pi gwo
sta nan lemon antye me mwen pas anyen si nou pa avèk
mwen. Wyclef ap pale ak nouvèl jenerasyon-a. Li di
yo pinga Sida. Fèt atansyon a dwog. Lavni-a se nan
men nou li ye.
- La Bamba. Kijan pou ou pran yon nan pi
gwo siksà mizik panyòl-la, ou chavire li tèt
anba epi on kite konpa mache ladann…
- Pistach Sa se yon lòt filing nèt
ale. Ou ta di yon bann rara k’ap mache sou grouv-li,
ki desann o Brezil, k’ap vanse kè kal. Wyclef
di tout moun respekte machann pistach-la ni nèg k’ap
koupe kann-la. Li di yo se papa l’ a manman l’.
Kreyòl pale, sot kreyòl konprann.
- Voodoo Marasa.. Bonjan vibrasyon raboday,
bonjan filing rara. Wyclef di « Mwen menm ak Ayiti
se marasa nou ye :, nou paka separe». Ochan pou Boukman.
- Haitian Mafia Yon’ nan bit ki pi
an demon sou sidi-a. Anmwey ! Men fanm-la : Manzè
Foxy Brown ap rap an bonjan kreyòl ! Li pale ak tout
antiyè nan Nouyòk. Wyclef menm eksplike kijan
imigran yo fè vin’ nan move zak, move dil.
Yo pa t’ vin la-a pou yo fè mafia. Se meriken
ki mete yo nan sa.
- Lavi Nouyòk. Chante sa-a, tout
moun an Ayiti te deja konnen li depi ane pase. Li pale istwa
tout sa ki te vle janbe dlo pou y’al nan paradi ozetzini.
Yon lòt bèl reyalizasyon ki fè nou
wete chapo devan mèt kesyon-a mizik hip hop kreyòl-la.
- Bay Mikro m’ Volim . Chante sa-a
di: « Fòk atis-yo gen dwa pou yo pale ».
Se son lari-a k’ap mache la-a, sou beton-a. Gen yon
lòt vèsyon an franse de mizik sa-a, menm jan
pou « 24 à tan pou viv » kote Wyclef
kontre a Muzionm yon kokenn gwoup rap ayisyen ki pote premye
pri nan Kanada an 99 e 2002. Yo twa vwa : Impòs,
sè-li J-Kil ak Dramatik.
- Fanm Kreyòl. Ou te mèt
tande Sharon Stone, Beyonce, yo bèl se vré,
mè Wyclef sèmante se fanm kreyòl-la
li vle ! Chante sa-a pote yon lòt inovasyon tou,
yo lòt filing na aranjman-yo.
- Nou va rive. Yon chante lespwa, yon chante
mistik, ki ka fè nou sonje « Yele » nan
albòm Carnival-la. Wyclef se tankou yon Bob Marley
ayisyen. Li fè vizyon, li gen konfyans lan lavni
peyi li.
|